Inicio Bad Bunny Canciones Religiosas Taylor Swift Ed Sheeran Luis Fonsi Ozuna Daddy Yankee J Balvin Maluma DMCA

Escuchar música y letra de Ti Moun Yo de Gabel - Escucha y canta NewMusicas

Artist profile picture

Ti Moun Yo

Gabel

Canciones

Depi'l tou piti tout sa'l aprann lekòl la
Se anglè, franse, men'l plis konprann kreyòl la
Se chak jou l'ap grandi, rèv li se pou'l pati
Lè n'ap byen reflechi, ti moun sa pat enstwi pou'l itil ayiti

Sèl fim li gade se papa'l ak manman li nan kay la
Se chak jou'l leve, li wè kijan y'ap batay
Tout grandi l'ap grandi, rèv li se pou'l bandi
Li pa respekte fi, se pa fòt li, se sa'l wè ak je li

Ti moun yo se peyi a
Se nou'k modèl ti moun yo
Sa nou fè se li y'ap fè
Fè byen nan je yo
Ti moun yo se peyi a
Se nou'k modèl ti moun yo
Sa nou di se li y'ap di
Pale byen nan zorèy yo

Si manman'l te fè'l a sèzan
Sè'l la ansent a kenzan
Lè ti moun sa gen katòzan (l'ap fè menm jan tou)
Si papa'l se yon dirijan
Ki pat fè plus ke vòlè lajan
Lè ti moun sa vinn chèf peyi a (l'ap fè menm jan tou)

Ti moun yo se peyi a
Se nou'k modèl ti moun yo
Sa nou fè se li y'ap fè
Fè byen nan je yo
Ti moun yo se peyi a
Se nou'k modèl ti moun yo
Sa nou di se li y'ap di
Pale byen nan zorèy yo

Lè'w aprann yo istwa Duvalier nan lang Bill Clinton
Lè'w aprann yo istwa Dessalines, Toussaint nan lang Christophe Colomb
Lè'w aprann yo istwa Aristide nan lang Jacques Chirac
Lè'w aprann yo istwa Michel Martelly nan lang Obama

Li pa bon (li pa bon)
Sistèm peyi a dwe chanje
Li pa bon (non, non, non li pa bon)
Edikasyon an dwe chanje
Li pa bon (oh li pa bon)
Sistèm peyi a dwe chanje
Li pa bon (ay li pa bon)
Edikasyon an dwe chanje

Lè'w aprann yo istwa Duvalier nan lang Bill Clinton
Lè'w aprann yo istwa Dessalines, Toussaint nan lang Christophe Colomb
Lè'w aprann yo istwa Aristide nan lang Jacques Chirac
Lè'w aprann yo istwa Michel Martelly nan lang Obama

Li pa bon (li pa bon)
Sistèm peyi a dwe chanje
Li pa bon (non, non, non li pa bon)
Edikasyon an dwe chanje
Li pa bon (oh li pa bon)
Sistèm peyi a dwe chanje
Li pa bon (non, non, non, li pa bon)
Edikasyon an dwe chanje

Gabel chante'l
Tande'l
Aplike'l

Ti moun yo se peyi a
Se nou'k modèl ti moun yo
Sa nou fè se li y'ap fè
Fè byen nan je yo
Ti moun yo se peyi a
Se nou'k modèl ti moun yo
Sa nou di se li y'ap di
Pale byen nan zorèy yo

Más de Gabel

20 canciones
  • Ti Moun Yo
  • Koute Kè'm
  • 5 Minutes
  • Bel Bagay
  • Ou Sexy
  • Mesi Cheri
  • Drog Mwen
  • Plan B
  • Fanm Moun
  • Beni
  • Ou Gen Pou Bezwen'm (feat. Master Brain e Black Makak)
  • Se Fèt Nou
  • Diaspolove
  • Anyen Pa Etènèl
  • Ki Mele'm
  • Kisa Pou'm Bay
  • Li Renmenm
  • Kite'l Anlè (feat. Fat Junior)
  • Rele Sou Kòw
  • Béni
  • Inicio Bad Bunny Canciones Religiosas Taylor Swift Ed Sheeran Luis Fonsi Ozuna Daddy Yankee J Balvin Maluma DMCA